
00:00
00:00
Twa Tanbou
歌词
相关信息
录音&混音:龙雨青
Twa Tanbou
Kap fè yon diskisyon
Yon gwo dimanch maten
Lè yo sot nan Ginen.
Yon Ti Kata...
Yon Tanbouren…
Yon Gwo Boula...
Boula rete li di
Li di li ka frappe pi fò, tande
Boula rete li di
“Se li ki ka frappe pi fò!” tande
Tanbouren di li gen pi bèl son
Li di “lè map site, se rete tande!”
Tanbouren ak Boula ap frape, yap fè tenten,men Kata.
Kata ki tap koute, li rete li move
Li pa te ka konprann kouman de kamarad,
Ki abiye ak menm rad
Ki pitit menm manman
Chita ap fè deblozay
Tanbouren ak Boula kite la ap tande
Pou fè fèt la pi bèl:
yo tou fon ribanbèl
Jou sa-a
Yo chante yon chante ke‘m pap janm bliye:
Tout tanbou ki dispèse
An nou kole zepòl
Poun fè la vi pi bèl.